Nouvo Jenerasyon

Lyrics
[Verse 1] Nou bezwen limyè pou n ka wè pi klè Pou nou ka vanse woy Nou pa wè limyè Pou tout sa n fè, yo ka pa ka mache [Pre-Chorus] Men fò nou sispann gasipye Travay pou n avanse Nou g on peyi pou nou sove Li lè li tan pou nou leve, leve [Chorus] Jenerasyon sa a move Wi nou move Ansanm n ap vanse Anyen pa fè nou pè Jenerasyon sa a move Wi nou move Ansanm n ap vanse Anyen pa fè nou pè [Post-Chorus] Pa panse nou pa konn anyen Pa di n pa fè anyen Pito w al chèche konnen N ap bayo bayo Pa panse nou pa konn anyen Pa di n pa fè anyen Pito w al chèche konnen N ap bayo bayo [Verse 2] Yon mesaj pou jenerasyon sa a M pot limye pou m fè nou wè Yon bèl avni ke m vle ofri nou M ap montre n imaj pou m fè nou kwè Ou ka pa konnen m, men nou ka sè Ou ka pèdi fòs, men nou pa fèb Lè nou met ansanm kisa nou pap fè Nou s on bèl nasyon Pouki nou pa fyè? [Verse 3] Nou g on pouvwa ke n pa konnen Nou kite nenpòt moun ap dirije n Si n fè yon sèl pou n konstwi peyi sa a Okenn nasyon pap ka divize n Dèfwa n bliye sa n ye Nou bliye règ nou, nou bliye sa n vle Nou bliye istwa, ke n s on pèp ki sakre Leve tèt nou Jenerasyon sa a vle [Chorus] Jenerasyon sa a move Wi nou move Ansanm n ap vanse Anyen pa fè nou pè Jenerasyon sa a move Wi nou move Ansanm n ap vanse Anyen pa fè nou pè [Post-Chorus] Pa panse nou pa konn anyen Pa di n pa fè anyen Pito w al chèche konnen N ap bayo bayo Pa panse nou pa konn anyen Pa di n pa fè anyen Pito w al chèche konnen [Verse 4] Hmm M pral mete men Konstwi on lòt demen Pou sa k ap vini yo An n fè sa pi byen Pou sa k kite yo pa gaspiye [Verse 5] Nou vag sou leta Toujou anreta Pou sa fò n travay sou yo Pi gran yo fè plas pou yo (Yeah) Nou vle chante, nou vle chante Whoa [Chorus] Jenerasyon sa a move Wi nou move Ansanm n ap vanse Anyen pa fè nou pè Jenerasyon sa a move Wi nou move Ansanm n ap vanse Anyen pa fè nou pè [Post-Chorus] Pa panse nou pa konn anyen Pa di n pa fè anyen Pito w al chèche konnen N ap bayo bayo Pa panse nou pa konn anyen Pa di n pa fè anyen Pito w al chèche konnen N ap bayo bayo
Rate this song
0/5.0 - 0 Ratings
Loading comments...
Credits
- Writers
- Bayo All Stars
- Michaël Brun